Pwogram sibvansyon pou moun k ap travay latè ak nan makèt


Pwogram sibvansyon pou moun ki ap travay latè, ki ap fè travay agrikòl, ak nan makèt pral bay moun ki travay nan jaden, anbale vyann, ak nan makèt $600 (yon sèl fwa sèlman) pou depans yo te oblije fè pandan moman KOVID la.

Pre-Register Now Using the Form Below

Kesyon ak Repons pou benefisyè yo

Ki moun ki ka aplike?

Travayè esansyèl se travayè yo ki nan aktivite agrikilti, anbalaj vyann, ak travay makèt pandan peryòd ki soti 27 janvye 2020 jiska peryòd otorite yo deklare KOVID-19 kalme.

Kisa ou ap bezwen pou w aplike?

Travayè yo dwe bay plizyè pyès ki ka ede òganizasyon ki ap patisipe nan pwogram lan pou verifye kote yo ap travay: tankou kote ki pwodwi manje, anbale vyann, oswa nan makèt. Travayè yo dwe asire yo bay plizyè pyès ki ka ede òganizasyon yo ki moun yo lè yo vinn dèyè kòb.

Dokiman ou ka itilize pou montre kote ou ap travay

  • Fòm taks W-2
  • Chèk travay w
  • Lèt/Kontra Anplwayè w
  • Viza H2A w
  • Foto pran nan travay ou oswa ki montre kote w ap travay la
  • Atestasyon (yon lèt)

*omwen youn nan pyès sa yo:

Dokiman ou ka itilize pou montre idantite ou

  • Lisans oswa Kat idantifikasyon leta ki di men kote w rete
  • Pyès idantite Konsila oswa Gouvènman peyi ou bay sitwayen li yo: tankou CIN ak Paspò
  • Kat travay ou
  • Nenpòt lòt foto idantifikasyon
  • Pyès idantite ki pa gen foto tankou: ak de nesans ak ekstrè dachiv

*omwen youn nan pyès sa yo:

Evite pran nan raketè, move zafè epi fo notè k ap bay move papye :

Pa pral okenn kòb pou ou peye pou w aplike pou Food and Farm Worker Relief (FFWR). Se sèlman òganizasyon USDA bay sibvansyon ki ka resevwa ak trete aplikasyon pou moun k ap travay nan jaden ak nan makèt. Pa janm bay òganizasyon USDA pa askepte oswa ki pa nan lis ki disponib sou sit li dokiman w ak pyès idantite w .